Patisipe epi Rete Konekte


JOIN NOU: OPÒTINITE POU VIN YON DIREKTÈ EGZEKITIF

Accompany Doula Care ap chèche premye Direktè Egzekitif a plen tan pou dirije òganizasyon an nan pwochen etap kwasans ak dirabilite li. Sa a se yon gwo opòtinite pou yon lidè ki gen eksperyans nan òganizasyon san bi likratif oswa nan sektè piblik la pou fè yon enpak dirab sou ekite nan swen sante manman nan Massachusetts, elaji aksè ak sèvis doula yo epi ranfòse yon ekip divès ki soti nan kominote a.

Nou revize aplikasyon yo sou yon baz kontinyèl.


VIN YON DOULA (FANMSAJ) AVÈK NOU

Nou akeyi aplikasyon pou doula yo ki vle travay avèk Accompany. Nou anboche kòm aplikasyon yo vini pandan tout ane a dapre dezi kliyan nou yo pou yon doula (egzanp, lang, elatriye) ak zòn jeyografik kote kliyan yo ap viv. Nou pran referans nan men kliyan ki abite nan pati Santral ak Lès Massachusetts.

Si nou pa anboche, nou toujou kenbe aplikasyon yo nan dosye pou potansyèl anbochaj nan lavni.

VIN PATnÈ NOU

Pataje vizyon nou? Nou louvri pou kolaborasyon, filantropik, ak parennaj nan sèvis doula. Nou akeyi opòtinite pou diskite ak echanj panse / lide. Voye yon mesaj nan info@accompanydoulacare.com.

Fè yon kontribisyon

Nou vize pou nou finanse yon fason dirab, sa vle di nou defann nan sistèm swen sante a pou sipòte salè ekitab pou doula yo ak envestisman nan depans jeneral nou yo. Jiskaske nou rive atenn vizyon sa a, nou konte sou èd donatè yo pou peye doula nou yo, anplwaye nou yo yon fason ekitab, epi pou sipòte òganizasyon nou an! Mèsi paske ou kwè nan nou ak nan vizyon sa a.

 

RETE OKOURAN SOU ACCOMPANY

Enskri pou lis adrès imel nou an! N ap kenbe ou mizajou sou evènman, opòtinite travay, ak nenpòt devlopman enpòtan nan mond akouchman / doula. Nou pral toujou kenbe li enpòtan epi nou pwomèt nou pap spam bwat resepsyon ou.

Enskri

* indicates required

Intuit Mailchimp